Anons lanmò (Obituary):
Velouse Lalime te gen 58 ane, li te fèt nan dat 13 Janvye 1968 nan Lascaobas, Ayiti, e non nesans li se te Velouse Chavré. Li te pitit fi Elena ak Jeanty Chavré. Li te fini etid segondè li nan lekòl St. Gabriel nan lane 1988. Li te rankontre mari l, Bernier Lalime, nan lane 1987 nan Pouli, Ayiti. Yo te marye nan Legliz Katolik St. Gabriel nan Lascaobas nan jou kite 26 Avril 1990, epi yo te gen 2 pitit fi touswit apre. Yo te antre Ozetazini nan dat 30 Avril 1993, kote yo te kontinye grandi fanmi yo ak 3 pitit gason.
Lè li te rive Ozetazini, Velouse, yon moun kite konn travay di, te travay kòm koutiryè, kòm fanm menaj, epi nan plizyè faktori, jiskaske li te aprann pale anglè. Li te ale nan lekòl teknik, epi li te vin gen diplòm kòm moun kap ede moun malad, nan lane 2004. Li te travay kòm yon asistan pandan 22 ane. Pandan tout tan sa a, li te toujou rete konekte nan kominote legliz li a pandan plizyè ane, kote li tap chante nan koral. Li te renmen fè manje, al nan mache, tande mizik, fè ekzèsis mache, epi gade fim ak dokimantè Ayisyen ak Afriken.
Li te mouri nan dat 16 Jiyè 2026 nan Lopital Jeneral Tampa apre 5 mwa ap lite kont yon kansè nan pankreyas li. Paran li yo te mouri anvan li. Li kite dèyè mari li, Bernier Lalime, Veronica ak Noela Lalime (pitit fi li yo), Lott-Kerby, Jove ak Malachi Lalime (pitit gason li yo). Genesis N Lalime ak Naomi Mortume (pitit pitit fi li yo). Frè ak sè li yo: Saintilus, Pierre, Marcélus, Lucner ak Jean Wisler Chavré, Anna Cenatus ak Solange Laroche. Avèk yon pakèt nyès, neve, ak kouzen, kouzin.
Anplis de tou sa, nou pap janm bliye tou, dousè, jantiyès, ak jan li te toujou bay tout li menm ak tout moun li te rankontre yo.
Obituary:
Velouse Lalime, 58, was born Velouse Chavré on January 13, 1968 in Lascahobas, Haiti to Elena and Jeanty Chavré. She graduated St. Gabriel High school in 1988. Afterwards, she married her husband, Bernier Lalime, at St. Gabriel Catholic Church in Lascahobas in April 26, 1990, and was blessed with 2 daughters. They immigrated to the United States in April 30, 1993, where they continued to grow their family with 3 sons.
Upon entering the States, Velouse, being the hard worker that she was, worked as a seamstress, housekeeper, and in various factories, until she picked up English, went through
technical school, and became a CNA in 2004. She worked as a CNA for 22 years. All the while, she remained active in her church community for several years singing in the choir. She loved to cook, listen to music, shop, go on walks, and watch scenic documentaries, Haitian, and African movies.
She passed away on July 16, 2026 at Tampa General Hospital after 5 months of battling pancreatic cancer. She is predeceased by her parents. She is survived by her husband, Bernier Lalime, Veronica Lalime (daughter), Noela Lalime (daughter), Lott-Kerby Lalime (son), Jove B Lalime (son), Malachi Lalime (son), Genesis N Lalime (granddaughter), Naomi Mortume (granddaughter), Saintilus Chavré (brother), Pierre Chavré (brother), Marcélus Chavré (brother), Anna Cenatus (sister), Solange Laroche (sister), Lucner Chavré (brother), Jean Wisler Chavré (brother), and countless nieces, nephews, and cousins.
Above all, we remember her sweetness, gentleness, and selflessness towards those she encountered.
Leave a loving message or share a memory to honor their life.